Friday , July 20 2018
Home / News Out of Haiti / PetwoKaribe pirèd

PetwoKaribe pirèd

Ayiti pòtre yon peyi ki bat bravo poutèt li paske li pran premye pri nan movezafè. Sanwont, san jennman, san santiman, san eskiz ak etik, dirijan ayisyen yo kontinye plonje Ayiti nan labou kòripsyon an. Malgre tout prèv, tout evidans, reyalite sosyal ak ekonomik yo montre klè kou klèwòz lajan PetwoKaribe a ki te la pou devlope Ayiti a kraze platatè, sa pa anpeche dirijan peyi Venzyela ak peyi Ayiti deside relanse pwogram sila nan dat 11 jiyè 2018 la. Se Minis ayisyen ki okipe zafè etranje peyi Ayiti a, anbasadè Antonio RODRIGUE ki deplase ale Karakas, kapital peyi Venezyela pou relanse pwogram sila ak omològ li, Jorge ARREAZA, Minis zafè etranje peyi Venezyela. Sa ki enpòtan pou nou note nan dosye sa a : Minis Antonio RODRIGUE pa bezwen konnen si lajan Venezyela te fè Ayiti benefisye nan vann gaz la te gaspiye, dilapide, ratibwaze, dechalbore, dechèpiye deja epi tout vòlè yo rete la anba je tout moun. Minis lan al angaje peyi a ankò nan yon Operasyon piye kès, fann kès, demoute kès, koupe pòch pèp. Tout responsab ki te siyen pou debloke lajan nan dosye PetwoKaribe a deklare yo pa responsab. Se tankou se yon Awousa ki ta fè volim lajan sa a disparèt. Pa gen yon Ayisyen ki pap dakò pou Ayiti resevwa yon bon pwogram konsa ak objektif byen defini, men si lajan PetwoKaribe a se pou al plen pòch yon ti gwoup menmjan Michel Joseph MARTELLY te deklare sa nan Ennfraza (Delma 33) kote li te di « Lajan mwen vòlè nan PetwoKaribe a men kote mwen mete yo ». Kidonk, si se pou fè yon gwoup moun rich, Ayiti pa bezwen pwogram malatchong sa a. Pwogram PetwoKaribe a montre ni dirijan ayisyen yo ni dirijan venezyelyen yo pa ta serye ni tou yo pa respekte dwa pèp ayisyen an. Gouvènman peyi Venezyela pa ka di li pa okouran lajan PetwoKaribe a depatcha an miyèt moso. Fè yo la.

PetwoKaribe a se yon Operasyon kite-mele-dadam, yon Operasyon mwen pi vòlè pase ou, yon Operasyon vòlè vòlè nèt… paske moun ki manje lajan sa a toujou rete tètpoze, se malere ki pa konnen anyen ladan, se yo k ap peye pou zotobre, gwo prela, gwo lelit dwètlong. Malerezman, se yon sosyete dirijan yo kenbe nan inyorans, mizè, grangou ak malpwòpte. Anpil Ayisyen pa pran tan pou chache konnen kote pwojè reyèl lajan PetwoKaribe a reyalize. Nou dwe fè konnen, objektif pwogram PetwoKaribe a se te pou devlope Ayiti nan reyalize gwo pwojè devlòpman, n ap raple, malgre 3 milya dola ki pase tankou lafimen nan kad dosye PetwoKaribe a, Leta ayisyen pa rive konstwi menm yon estad, yon kanmpous inivèsite, yon bon lopital, yon otowout, yon anfiteyat, yon bank agrikòl, yon bank devlòpman, yon gwo bibliyotèk, yon liy metwo, yon bon mize ; Leta ayisyen pa menm chache rezoud yon grenn pwoblèm pou pipiti tankou pwoblèm dlo, kouran, sante, agrikilti, aksè lajan pou prete jèn pou fè biznis, etidye, elatriye. Se yon Leta ki pran pri nan kòripsyon ak dechèpiyaj sou pwòp pitit li… Lajan PetwoKaribe a depatcha, se yon reyalite byen klè devan je tout Ayisyen. Nou ka pran kèk ekzanp : konstriksyon wout Pòmago a ki bloke malgre lajan deja pati nan men konpayi a (epi gen yon zafè jechèch nan dosye sila kote otorite nan komin Pòmago yo ap kache pou vòlè paske yo pa janm di moun Pòmago ki poukwa kòman sou konpayi sila…), mache pwason Fontamara, pwojè devlòpman Ilavach, renovasyon vil Okap, Pòdepè, pwojè devlòpman Lagonav, konstriksyon Palman ayisye an (sa pirèd toujou paske menm Palmantè y opa ka fè anyen sou lajan ki la pou konstwi pwòp lokal pa yo), deblozay nan konstriksyon 25 estad selon Laurent LAMOTHE li di li te fè, renovasyon Rèks Teyat, Sine Triyonf, elatriye. Tout pwojè sa yo bwè lwil pandan lajan yo debloke. Tout Ayisyen wè pwogram PetwoKaribe a se yon Operasyon kriminèl dirijan ayisyen yo reyalize nan mare sosis yo ak gwo fim etranje, tankou pa ekzanp, kèk konpayi dominiken. Poudayè, pa gen lontan Lajistis peyi Etazini lonje dwèt li byen fon sou yon gwo potanta nan peyi Repiblik Dominikèn poutèt li ta enplike nan kraze lajan ki te la pou reyalize gwo pwojè an Ayiti. Anpil moun ap tann Depatman Deta peyi Etazini kontinye ankèt la pou ede peyi Ayiti mare brigan, vòlè ak kravat ki kache lajan sa paske magogo kòb sa pa ka fini vit. Nou dwe raple tou, pandan pasaj li (flann nan peyi Lafrans), Jovenel MOISE, bò kote pa li te deklare : « Erezman, nou gen moun toupatou pou ede nou bloke dosye PetwoKaribe a…» Yon deklarasyon ki montre aklè, Jovenel pa gen pwoblèm ak moun ki piye kòb sa. Jovenel MOISE, yon mouche sektè ekonomik la plante nan Palè Nasyonal kontinye pou di « Yo fòse mwen nome 50 jij kòwonpi nan sistèm jidisyè ayisyen an…» Anpil moun toujou ap poze kesyon pou konnen ki « YO » sa ki ta fòse Jovenel MOISE poze yon aksyon malonèt konsa, epi, kijan fè yon nonm ki di Ayiti gen 5 pwoblèm(kòripsyon, kòripsyon, kòripsyon, kòripsyon, kòripsyon… fè kite yo fòse li nome 50 jij vòlè bagabon nan sistèm nan…) Tout pawòl sa yo repete devan je limanite, an dirèk sou entènèt. Se te grav, men sa pa etone moun serye paske chak moun bay sa li genyen, sa li konnen. Yon peyi pa yon jaden bannann ni yon karaj mekanisyen, peyi pa aza, se moun ki fòme, ki konn sa yo rele koze repiblik ki dirije peyi. Yon peyi se pa yon gagè ni yon poulaye. Pandan anpil peyi a mete moun ki konnen pou dirije yo, nou menm isit, an Ayiti, n ap pran chans ak blofè, mantè, enkilpe, woulibè, evade fiskal, elatriye. Pandna lòt peyi a arete vòlè, nou menm, n ap glorifye, onore, vote vòlè, jete tapi wouj pou sanzave. Sa ki koz, sistèm peze souse a kontinye ap pran jarèt nètalkole.

Boutofen, dosye PetwoKaribe a se yon kouto manchlong ki file nan mèl bouche Leta ayisyen flanke anba kou pèp ayisyen an paske se mas defavorize a ki pi gwo viktim pwogram tizonnay sila ki pote non PetwoKaribe a. Lajan prete nan non pèp la, se pèp la k ap peye dèt la, yo kòmanse peyi li deja nan «bidjè kriminèl » 2017-2018 la. N ap raple, se 14 milya goud gouvènman aktyèl la (2018) mete nan bidjè a pou renmèt Venezyela lajan sila pandan se yon gwoup ki kraze li nan lwe elikoptè, achte polaris, gwo flòt machin, vwayaje toupatou, ogmante pèdiyèm, prete zanmi lajan pou plante bannann envizib, siyen kontra anba tab pou resevwa rèskiyè, podeven, elatriye. Yon lajan ki ta dwe envesti nan bon jan pwogram devlòpman, gouvènman ayisyen an separe lajan sila nan bay moun 1000 goud pou jere eleksyon, gaspiye li nan asyèt plastik olye yo modènize agrikilti a, kreye opòtinite pou plis travay kreye nan rezoud pwoblèm kouran, dlo, sante ak edikasyon. Relansman dosye PetwoKaribe a montre, Leta ayisyen nwaye, plonje rakou nan kòripsyon. Vòlè lajan Leta pa vle di anyen pou dirijan ayisyen yo kounye a. Jodi a, an Ayiti, tank yon moun vòlè, aksyonè, blofè, mantè se tank li jwenn respè, tank yon moun gen defo, li gen plis chans pou li vin chèf. Malgre anpil gwo towo epengle nan dosye PetwoKaribe a, atravè 2 rapò Sena repiblik peyi Ayiti soti, Lajistis peyi a rete bèbè. Sa pouse anpil obsèvatè di « Lajistis peyi Ayiti se yon gwo konplis nan operasyon vòlè sa k ap rete grave nan achiv peyi Ayiti.» Kidonk, relasman pwogram PetwoKaribe a se prèv ki montre ni Venezyela ni Ayiti se de peyi kòwonpi ki pa nan zafè rannkont. Nan yon sitiyasyon konsa, se pèp la ki dwe òganize tribinal popilè pou jije tout vòlè paske se li k ap peye lajan sa malgre pèp ayisyen an pa benefisye anyen lajan. Batay la dwe mennen sou yon lòt fòm kote pèp ayisyen an dwe refize peye dèt sila toutan moun ki te gagote lajan sa pa reponn kesyon Lajistis. Si otorite jidisyè koupyon yo pa ka bay jistis, mas pèp la dwe chache jistis li paske se li se viktim. Ayisyen, nou pa dwe viv tèt nan fouk. Ayisyen dwe rete vijilan, pridan epi veye tout kòken ki kase kès peyi a pou regle zafè pa yo. Nou dwe viv nan diyite kote tout Ayisyen santi yo byen nan peyi yo, Ayiti.

Iléus PAPILLON
Jiyè 2018

About Chief Editor

Check Also

Basic principles Of Enterprise Resource Preparing

Enterprise Useful resource Planning is software that empowers business management in an organization. The ERP …