Friday , July 20 2018
Home / Editorial / Kèk leson nou dwe aprann de sitiyasyon k ap pase an Ayiti a

Kèk leson nou dwe aprann de sitiyasyon k ap pase an Ayiti a

– Dirijan ayisyen yo, elite ekonomik ak entèlèktyèl yo dwe wè aklè, yo kreye twòp distans ak mas defavorize yo (yon gwoup pa ka ap banbile epi lòt gwoup la ap tetelang ak chomaj, mizè…). Lè inegalite sosyal, ekonomik yo twòp konsa, nenpòt etensèl se eksplozyon k ap kreye. Sa vle di, nou menm dirijan ayisyen, se nou ki kreye tout kondisyon pou sosyete a eklate (nou nome jij kòwonpi, nou pè jije zanmi nou ki bwote lajan PetwoKaribe a, nou fò nan fè piblisite, nou depanse plis kòb nan achte televizyon pou yon mondyal Ayiti pa menm ladan pase lajan pou achte twalgaz Lopital Jeneral;

– Gwo prela nan peyi a dwe aprann, an Ayiti pa gen kote pou moun sere vrèman lè pèp souvren fache. Se pou sa, nou ka fè, men pa fè twòp. Jou pèp sa fache l ap jwenn ou. Esklav pa gen chankann. Nou kenbe menm sistèm kolonyal la kote nou kreye yon sosyete eksplwatasyon(moun ki rich sou tèt Leta epi moun pòv pòv nèt pandan peyi a se pou nou. Pa di pèp la vyolan paske se nou ki kòmanse vyolans sou li depi lanmò Desalin);

– Reyaksyon pèp la, se yon siyal ki di sispann itilize resous peyi a mal nan vwayaje tout lajounen pou granmesi, pwofite rannifle pèdiyèm sou do pèp la (poukisa 40 moun te bezwen ale Taïwan poutèt 150 milyon dola n ap prete pandan nou te gen 3 milya dola ki fonn tankou bè nan solèy nan men nou?). Anpil opòtinite kreye travay te ka posib si tout fwa ak lajan PetwoKaribe a nou te reyalize pwojè ki vyab tankou : kreye bank agrikòl pou ede peyizan, kreye bank devlòpman pou fasilite jèn yo devlope pwojè yo genyen, konstwi 3 gwo stad ak sant espòtif pou devlope talan foutbòl kay timoun yo pandan travay ap kreye, konstwi 3 kanmpous pou rive fòme moun pou vin dirije peyi a (se paske yon nonm ka plante 2 pye bannann pou nou kouri mete li prezudan san konpetans, san konesans jesyon Leta, san vizyon, san entèlijans, ak lajan PetwoKaribe sa, nou te ka kreye yon Fon pou ede jèn ki gen lide antrepriz… nou pito separe lajan sa ant yon tigwoup epi kèk fim dominiken nan pase kontra anba tab. Nou pa rive rezoud okenn pwoblèm ak mas lajan ki pase nan men nou. Nou te ka jis chwazi atake yon pwoblèm. Nou pa fè li, nou chita la nan fè reklam nan radyo ak tele pou di *Ayiti sou wout chanjman* pandan nou konnen se manti. Tout pèp la wè se nan betiz n ap pase moun. Ekzanp: depi 7 fevriye 2018, Karavàn Chanjman lanse nan tout peyi a, bon, ata Bwadchenn toupre Primati, Palman ak Teyat Nasyonal nou pa ka netwaye. Twou manti pa fon;

– Reyaksyon pèp la se yon replik, yon repons, yon kout anmwe sekou pou di nou peze kou li twòp… mezanmi! fòk pèp la ta fache yon jou. Se yon gwo kout rèl, yon frape pye atè pou soti anba vyolans sistematik, vyolans etatik, vyolans administrativ k ap fèt sou li chak jou kote tout privilèj se pou yon ti gwoup ki mare sosis yo byen rèd ak yon klas boujwa malpouwont ki chwazi woule kò li nan menm labou ak sa ki pi pòv yo. Yon klas boujwa sanpidè ki di temele li ak pwoblèm wout, dlo, inivèsite, kouran, sekirite depi li jwenn kontra anbatab nan men dirijan malpouwont yo(2018, menm transpò komen nan yon kapital se tankou bèt li fèt, nou gen konpayi telefòn djòlbòkyè e okenn moun ki gen lajan pa deside envesti pou omwen mete yon twazyèm pou konkirans;

– Pèp la pa fè vyolans, li jis reponn a zak vyolans Leta ak boujwa yo ap fè sou li chak jou. Se boujwa ki gen dwa jwenn lajan prete pou fè biznis. ONA, BNC, BRH, DWÀN… Tout kote ki gen lajan isit, se boujwa ki kontwole yo, nou jis ap kreye fose ant yon pèp debwabalan ki pa gen rele ki pa gen reponn. Mete sou sa, sou pretèks tè Leta, nou kòmanse atake li Peleren nan kraze kay li (mwen twouve pèp sa te twò dou ak nou. Se depi nan moman nou te kòmanse kraze kay Peleren yo pou li te deja bay nou repons sa); men pèp la pale ak nou fason pa li. Mache sou 13 pou nou pa pile 14; epitou, pa vin fè moral ak yon sosyete nou lage nan mizè;

Boutofen, mwen swete moun ki di yo se dirijan an Ayiti yo rive konprann pèp grangou pa gen moral, pa gen sajès, pa fè filozofi, pa pale franse. Sispann bay manti, sispann ak fo pwomès k ap agase pèp la pi plis. Kote rezilta Karavàn Chanjman ki te lanse Latibonit lan? (Diri pran 5 mwa pou bon, pwa pran 3 mwa… twou manti pa fon). Mesyedam k ap dòmi leve nan gwo otèl yo sou taks taks popilasyon an, nou resevwa mesaj pèp la klè, yo ka antre pran nou tout kote nou ye paske nou pran Ayiti pou yon jaden: vin rekòlte epi al kache pou nou manje, kouri machin vit nwa pou moun pa wè nou epi kache al fanmi nou aletranje. Pèp la wè anba nou. Kounye a, repatisyon richès peyi a dwe fèt ren pou ren sinon ap toujou gen soulèvman chak moman depi mizè a rèd pou pèp la. Nou dwe kreye opòtinite pou moun jwenn mwayen pou kreye biznis, se pa yon tigwoup sèlman ki dwe gen dwa jwenn 800 milyon goud nan ONA pandan yon lòt ki gen dwa tou pa menm ka jwenn 250 000 goud prete pou fè antrepriz li. Sistèm nan rive nan bout li. Sosyete a eksploze. Nou dwe kite sanwont. Pratik politik, sosyal ak ekonomik n ap aplike yo mande chanje. Twòp inigalite ant klas sosyal yo. Depi n ap fè vyolans sou yon pèp ki pa reyaji fasil, nou mèt chita tann repons lan. E nou pap ka sere okenn kote paske pèp la konnen kote pou li jwenn tout enmi li. An no tire leson de sa ki pase a pou nou kreye yon sosyete ekilibre kote tout moun ka gen chans viv tankou moun. Sa dwe yon leson pou nou konnen Pèp ayisyen nan koman men li poko mouri.

Pran men nou, sinon, demen nou pap nan de men nou.

*Iléus PAPILLON*
IP
– Okap | Jiyè 2018

About Chief Editor

Check Also

CE QUE LES HOMMES ET LES FEMMES D’ÉTAT HAÏTIEN DOIVENT SAVOIR

Ils doivent savoir que le pouvoir est une arme à double tranchant : le succès …